Wednesday, November 4, 2020

ʺLi dwe jou atò pou Ayitiʺ


Depi m piti m toujou tande yo di :

Malere pa gen repondong,

Menm lè yo ta gen pwa, yo pa gen zong ;

Sitou lè y ap viv nan yon peyi

Kote lajan konte plis pase lavi moun, tankou Ayiti.



Pòdjab Evelyne!

Si w pa t soti Gran Ravin

Oubyen w te pitit gran Zouzoun,

Pètèt, Lekselans te ka di yon mo pou ou.

Poutan w te yon moun tankou tout moun !


Nou chita nap griyen dan 

San nou pa wè si ayiti nan Koma ;

Pa bliye lè yon pèp pèdi MOUNITE l

Se pi gran epidemi ki te Ka frape l,

Paske pwosperite yon nansyon

Toujou makonnen ak ledikasyon l.



Kisa w  t vle espere nan men Leta yon peyi,

Lè se bandi k ap fè pwomosyon pou li ?

Ki sosyete w te vle rekòlte,

Lè élèv lekòl ak moun serye tounen Jibye

Pou Bandi chase ?



Atò, ti pèp sa ipokrit !

N ap plede mande jistis pou Evelyne, pòdjab !

Pandan nou bliye si nou bouke fè parad

Nan mande jistis pou Jacques Roche depi 15 zan,

Vladimir, Roberto Badio ak plizyè lòt inosan,

San konte Gregory ak Mèt Dorval, Batonye a,

Ki sot tonbe anba jan nou la.



Ou touye l, avan menm souf li koupe,

Ou kidnape l, ou vyole l, kon w fini ou toufe l,

Ou fè l pati san diyite l.

Ane sa, li ta pra l nan inivèsite,

Paran ak fanmi te konte sou li ;

Yon jou l ta va ba yo yon ti sove site.

Pouki w pa epanye l ?


Apre 4 lane ap etidye nan move kondisyon,

L ap manifeste pou yon ti moso lèt nominasyon,

Ou fizye l nan do, rèv li nwaye nan dlo

Ak tout lespwa fanmi l ki te repoze sou do l,

Pandansetan, plen akolit ou ki enspektè,

Ki pa menm frenk gen nivo St-Hilaire !


Pitit malerèz ap tonbe nan tout bout kwen,

Pandan nou chita ap fè politik chen manje chen ;

Peyi m fin toun on simetyè,

Men pou Lekselans se eleksyon wè pa wè. 

Dirijan ap kouri madigra,

Opozisyon menm ap goumen pou pouvwa ;

Epi Ti pèp la Wozabwa !


Nan peyi m, kadav ti malere

Pa bay kochon tan pou raboure frimye ! 

Nan peyi m, kadav pitit madan sara 

Pa bay Lameri tan pou ranmase fatra !

Men se kilè Abraham ap dit : ʺcet assezʺ ?

Kilè n ap sispann di "na wè demen si Bandi vle ?"

Kilè elèv ap sispann di paran l "Orevwa !",

Apre klas, si se volonte pouvwa a ?


Si Joumou pa konn donnen kalbas

Kijan w ta vle pou lenjistis donnen jistis ?

Jistis se zafè dirijan onèt

Zizi l pa p danse pou ti biyè vèt,

Jistis pa zafè gwo sangwen

Kap mache laye diyite l pou ti monnen.



Lawouze taye banda toutan solèy pa leve,

Li lè pou Solèy REVOLISYON an briye !

Wi li dwe jou atò !

Tenèb lenjistis la vlope nou twò lontan,

Li dwe fout jou atò !

Pou yon lòt Ayiti boujounen. 




Serge BERNARD, Sitwayen angaje


Previous Post
Next Post

post written by:

2 comments: